Siperyè Rejyonal la (Fr. Valon PIERRE) ak twa asistan li yo: Jean-Anel JOSEPH, Jean-Maxène TRISTANT (sou bò goch) ak Michel BRIAND - (premye plan, sou bò dwat)
Sosyete Prèt Sen Jak yo pèsikite sou Francois divalye, 5 nan misyonè sa yo fenk kidnape sou Rejim Jovenel MOISE.
Nan ane 1960 yo, rejim F. Duvalier te ekspilse anpil misyonè katolik ayisyen kou etranje . Ant 1960 ak 1962, Duvalier mete deyò plizyè douzèn prèt ak twa evèk .Prèt kite sòti nan misyon Saint-Jacques yo pral sib privilejye rejim bout di papa dòc la.Se te yon represyon systematik kont legliz katolik ,pou echape anba men makout yo Prèt kite sòti nan Saint-Jacques tap chache yon nouvo jaden pou kontinye nan apostolat yo, yo te prefere ale nan Amerik Latin la. Yo kite pa bann e pakèt Ayiti pou al tonbe Brezil. 30 Novanm 1961, yo fonde Sosyete Prèt Sen Jak nan peyi sa a.
An 2021 ,Sosyete Prèt Sen Jak yo toujou ap sibi pèsikite ,sou chimen pou enstalasyon kanonik Pè Jean Anel bandi ame ki nan gang "400 Marozo" kidnape dimanch 11 Avril nan Croix-des-bouquets Pè Jean Nicaise, Pè Michel Briand , Pè Joël Thomas , Pè Jean Anel Joseph,Sr Agnès, manman ak yon Tisè pè Jean Anel.Nan yon voice nòt kap sikile sou rezo sosyal youn nan manm Sosyete Prèt Sen Jak fè konnen si yo bay yon milyon dola "les marozo" di yap fè yo tounen barbecue,li mande pèp kretyen kenbe Prèt yo ak manm fanmi yo kidnape uni nan lapriye anba eprèv sa a.
Se nan lane 1959 sou enpulsyon Mgr Paul ROBERT, evèk Gonayiv, Sosyete Prèt Sen Jak fonde nan Potoprens. Sosyete Prèt Sen Jak chita kò yo an Frans ,Ayiti ak Brezil.Kay rejyonal yo Ayiti se nan 110, rue Lafleur Ducheine Pòtoprens ,AYITI .
Ronald Leon
...je suis certes loin, du moins pour l’instant, mais j’essaye de suivre du plus près possible. Lire la suite
...maintenant ça fait "système". Une fois: on peut laisser le "bénéfice du doute"... Lire la suite
...Fòk pa alé la ba-a, menm si nou anvi wè New Orléans, Kongo Square, épi tout Lwisiyann-la ki sé Lire la suite
Existe-t-il encore des partis politiques en Martinique ? Lire la suite
As-tu oublié qu'aux dernières législatives, Carole avait appelé à voter au second tour pour la so Lire la suite