Lis non 10 nouvo Akademisyen ki enstale nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an

Lis non 10 nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif ki enstale nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA).

Nan yon seremoni enstalasyon ki fèt ayè jedi 30 jen 2022 a, nan otèl Marriott, an prezans minis kilti a, Emmelie Prophète Milcé, sekretè Deta Alfabetizasyon an, Sandra Michel ak rektè inivèsite Leta a, Fritz Deshommes, Akademi Kreyòl Ayisyen an gen 10 nouvo Akademisyen ak yon konseye Konsiltatif ki rele Jean Marie Mondesir.

10 Akademisyen ak Akademisyèn sa yo se: Régine Duroska Murray (Akademisyèn), Sandra Duval (Akademisyèn), Marie Jeanne Léo Louis Charles (Akademisyèn), Chantal Hirsch Noël (Akademisyèn), Jean Robert Placide (Akademisyen), Altagrâce Payen Auguste (Akademisyen), Norah Amilcar Jean François (Akademisyèn), Lyonel Desmarattes (Akademisyen), Yvon Lamour (Akademisyen) ak Al Duniel Dimanche (Akademisyen).

Nan kad seremoni enstalasyon sa ki te an dirèk sou paj Facebook Ministè Kilti ak Kominikasyon, Rogéda Dorcé Dorcil ki se prezidan AKA a te pran lapawòl nan sikonstans lan pou fè yon rapèl ak nouvo Akademisyen yo sou kantite pwojè AKA a genyen nan djakout li yon fason pou l te siyale yo travay la pa piti. “Travay nou kòm Akademisyen chita sou plan nasyonal ak entènasyonal. Nou gen responsabilite pou pran dispozisyon pou ede popilasyon an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la (…) an n mete men, popilasyon an ap tann rezilta nan men nou”, se konsa li te reyaji.

Minis kilti a Emmelie Prophète Milcé ki te nan enstalasyon an epi jwe wòl reprezantant gouvènman Ariel Henry a, te rakonte nan koumansman entèvansyon l lan wòl li te jwe yon sèten tan nan chwazi Akademisyen pou AKA kote l t ap eksplike eksperyans sa li kalifye ki te bèl anpil epi salye memwa kèk manb Akademi an ki mouri.

Pi lwen, minis kilti a estime lang kreyòl la avanse anpil parapò ak lontan paske moun vin pale l san konplèks. “Lè w rive yon kote yo di w se fransè pou w pale, lè w pale kreyòl nan lakou lekòl te konn gen pinisyon. Men depi dèzane sa pa fèt ankò”.

Nimewo 1 ministè kilti a sigjere pou rechèch fèt an kreyòl, bèl diskisyon fèt an kreyòl, pou liv ki nan lòt lang tradui an kreyòl tou paske l estime moun yo pa ka ap tande lang lan senpman yo dwe ka li l tou epi ekri l.

Li te tou pwofite salye kouraj chak grenn Akademisyen epi fè yo konnen peyi a gen rekonesans pou sa yo fè deja ak sa y ap gen pou fè .

Fritz Deshommes ki se rektè inivèsite Leta a an menm tan tou yon Akademisyen te pwofite moman an pou salye 10 nouvo kòlèg li yo ak nouvo konseye konsiltatif la epi souliye Inivèsite Leta Dayiti toujou rejwi pou chak pa AKA fè epi pou chak blòk li poze pou pèmèt kreyòl la layite kò l nan avantaj tout pèp ayisyen an.

Nan fen seremoni an, yon sètifika onè ak merit te remèt ak nouvo konseye konsiltatif la ansanm ak nouvo akademisyen yo.

10 nouvo manb sa yo fè Akademi an vin pase ak 41 Akademisyen ak Akademisyèn.

Akademi Kreyòl Ayisyen an kreye nan lane 2014, li gen pou prensipal misyon regilarize lang kreyòl la.

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Retailleau : encore une honteuse sortie de piste raciste !

    ILS ONT COLONISE...

    Albè

    22/08/2025 - 10:45

    ...le MONDE ENTIER depuis 5 siècles (depuis Christophe Colomb) et maintenant que ce monde entier Lire la suite

  • Retailleau : encore une honteuse sortie de piste raciste !

    "Tou", Où ai-je écrit...

    Frédéric C.

    22/08/2025 - 07:07

    ...que j’évoquais une "victimisation de gentils musulmans innocents"... Lire la suite

  • Retailleau : encore une honteuse sortie de piste raciste !

    Vous évitez l'essentiel .

    tou

    21/08/2025 - 17:03

    En évoquant systématiquemnt la victimisation dont pâtiraient les gentils Musulmans innocents ,vou Lire la suite

  • Retailleau : encore une honteuse sortie de piste raciste !

    Tou, l’Islamophobie est souvent...

    Frédéric C.

    21/08/2025 - 13:21

    ...la "feuille de vigne" de la haine des Maghrébins (c’est d’ailleurs en jouant là-dessus que pro Lire la suite

  • Retailleau : encore une honteuse sortie de piste raciste !

    Considérer...

    tou

    19/08/2025 - 19:55

    ...qu'une accompagnatrice musulmane de sortie scolaire ne doit pas être voilée n'est pas un acte Lire la suite