Plizyè antreprenè nan peyi Sendomeng plede pou yo ta bay kèk travayè ki nan konstriksyon ak agrikilti yon viza tanporè jounen jodi vandredi 17 mas 2023 a, selon Jounal Diaro libre.
«Li nesesè pou nou reglilarize sila yo ki vin travay nan peyi Sendomeng», reklamasyon antreprenè yo ak senatè la Altagracia, Virgilio Cedeno.
Antreprenè Frank Rainieri, Fondatè Gwoup Punta Cana, di «Nou kapab fè tankou peyi Etazini, ba yo yon viza 6 mwa», toujou selon Jounal Diaro libre.
Li soulinye yon kota 80% travayè Dominiken pou 20% etranje yo, li vrèman lwen pou n atenn objectif nou.
Antreprenè Rainieri te kontinye pou li di ilegalite pa dwe fèt sou okenn pretèks «Kikonk ki pa gen dokiman, nan nenpòt peyi nan mond lan, dwe kapab eseye vin regilye oubyen legal kote li ye a»
Prezidan Asosyasyon Otèlri Ès (Asoleste) Ernesto Veloz, wè kesyon depòtasyon yo kòm yon netwayaj pou yo ka idantifye sila yo k ap travay oubyen sila ki pa vin travay.
«Sila yo ki pa nan sektè pwodiktif la, se yon dividal parese, yo pa nesesè pou yo rete», selon responsab Ernesto Veloz.
Sou lòtbò, Senatè La Altagracia, Virgilio Cedeno eksprime li. «Travayè etranje yo kapab jwe yon wòl, sitou nan sektè konstriksyon ak agrikilti an ki vrèman depann travayè Ayisyen yo. Kidonk, yo dwe reglilarize ak vin legal nan peyi an.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Je Con-fesse = vagin-séant....waaaah !!!! Génialissime .
Lire la suiteabcx n'a jamais insulté personne sur ce site, il n'a pas de leçon à recevoir à ce sujet. Lire la suite
...les zombies qui peuplent nos "Isles Françoises de l'Amérique" ont-ils besoin..."d'analyse" ? Lire la suite
En ce qui me concerne ,c'est exactement ça !!!
Lire la suite...Trump pour le Prix Nobel de la Paix ou quoi ? Lire la suite