Jodi a, mwen pran plim mwen pou mwen pale avèw, pa sèlman kòm yon sitwayèn, men kòm yon vwa ki pote doulè ak espwa yon pèp antye.
Pou mwen kòmanse, map diw yon verite senp : tout bèt nan lanmè manje moun, men se reken ki pote move non. Se sa ki ap pase jodi a nan Ayiti.
Ou menm, ou se yon ansyen polisye ki leve kont sistèm nan. Ou konnen enjistis, ou viv li chak jou. Lèw sonje lavi pezib ou te genyen, yon ti fanmi ki ap grandi, epi ou gade kote w rive jodi a, sa montre klèman ke yo pa sèlman vòlè avni w, men yo vòlè avni pitit ou tou.
Men gen yon verite ki depase nou tout : se Ayiti. Jodi a, peyi a sou yon chimen nou te sèmante nou pa tap janm pran.
Nan ki peyi ou wè misyon etranje ki ap dirije oswa chita nan administrasyon yon peyi ki endepandan?
Nan ki peyi ou wè enstitisyon dwa moun ki ap travay kont pwòp peyi yo pou bay lòt peyi zouti pou sanksyone dirijan yo?
Pou rive nan nivo kote sitwayen ki ap leve zam youn kont lòt, li klè gen yon mekanis ki plante divizyon nan fondasyon peyi a. Sa pa rive pa aza.
Jodi a, yo fè nou kwè ke batay la se kont ti bandi nan lari, pandan sila yo ki abiye ak kravat rete entouchab. Ou dwe wè jwèt la jan li ye.
Mouvman Viv Ansanm nan deja kraze anpil bagay. Kapital la, ki se kè ekonomik peyi a, tonbe atè. Sa pa bon pou pèsonn. Ou pa ka gen kay ou pou wap detwi li. Nou tout se Ayisyen.
Gen anpil fòm krim ki mete peyi a nan kondisyon li ye jodi a. Premye kriminèl yo se moun ki ap bati inegalite sosyal yo. Yo pran lajan peyi a, yo fè li tounen richès pèsonèl, pandan pèp la ap soufri.
Edikasyon pèdi direksyon li. Pitit malere pa gen plas yo.
Nan sante, menm pansman se pèp la ki oblije achte.
Yo fabrike yon klas moun ak avantaj, yo mete yo nan politik kòm entèmedyè pou gwo enterè. Yo ba yo machin Leta, yo fè yo krwar yo rive, yo fè yo santi yo tankou boujwa, pandan anndan yo pa janm chanje anyen.
Se yon ilizyon.
Paske lè pouvwa a fini, yo retounen nan menm reyalite yo te ye anvan.
Se menm machin sa yo ki ap leve pousyè sou moun, wout yo pa fèt, li pa yon priyorite pou yo, paske lajan pou devlopman ale nan gwo salè ak avantaj prive. Pi tris la, gen moun ki soti nan menm klas ak pèp la, men ki rayi pwòp rasin yo. Yo ap vann konsyans yo pou pa pèdi ti avantaj yo, menm si sa vle di vann peyi a.
Kounye a kesyon an klè : kiyès ki ap travay pou pèp la vre?
Sosyete a antre nan yon faz oto-destriksyon. Nou pa ap konstwi ankò, nou ap kraze youn lòt.
Gwoup ame yo pa te kapab yon pwojè pou peyi. Yo te zouti pou pran oswa kenbe pouvwa. Se pa devlopman yo tap chèche. Se kontwòl.
Jodi a, Jimmy Chérizier, map pale avèw klè.
Ou konprann sistèm nan. Ou wè chemen li pran. E ou konnen li pa mennen okenn kote pou pèp la.
Ou ka chanje istwa a.
Chita ak enstitisyon dezameman. Negosye. Fè li piblik.
Pa kite jèn yo kontinye tonbe nan menm twou a.
Paske twòp jèn deja pran nan yon sik oto-destriksyon ki ap pote plis viktim inosan.
Ekri, dokimante tout ka ki kapab sèvi kòm baz pou korije sistèm nan. Sa ap pèmèt verite a parèt klè, epi trase responsablite yo.
Mande yon trèv. Rasanble tout aktè yo. Pale ak peyi a. Fè yon apèl piblik.
Paske chak gout san ki ap koule jodi a se yon pèt pou demen.
Nou tout se Ayisyen. Zansèt nou yo te mete tèt ansanm pou fè yon revolisyon.
Jodi a kesyon an pa rete kache ankò : èske nou ap detwi sa zansèt nou yo te bati ak san yo ?
Èske se pou sa yo te batay, se pou sa yo te mouri ?
Oswa èske nou pral leve, pran responsabilite nou, epi chwazi sove sa ki rete ?
Ayiti pa pou detwi. Li pa pou gang. Li pa pou moun nan salon. Li pou pèp la.
Nou tout dwe leve pou sove li.
Dyalòg pa vle di enpinite.
Par : Nyrvah Florens Bruno
Analyste politique | Écrivaine
4 mai 2026
VERSION FRANCAISE
LETTRE OUVERTE À Jimmy Chérizier (alias Barbecue)
Aujourd’hui , je prends la plume pour vous parler, non seulement en tant que citoyenne, mais comme une voix portant à la fois la douleur et l’espoir d’un peuple tout entier.
Pour commencer, je vous dirai une vérité simple : tous les animaux de la mer mangent l’homme, mais c’est le requin qui porte la mauvaise réputation. C’est exactement ce qui se passe aujourd’hui en Haïti.
Vous êtes un ancien policier révolté contre le système. Vous connaissez l’injustice, vous la vivez chaque jour. Lorsque vous repensez à la vie paisible que vous aviez, à votre famille qui grandissait, et que vous regardez où vous êtes aujourd’hui, il est clair que l’on ne vous a pas seulement volé votre avenir, mais aussi celui de vos enfants.
Mais il existe une vérité plus grande que vous et moi : Haïti. Aujourd’hui, le pays est engagé sur une voie que nous avions juré de ne jamais emprunter.
Dans quel pays voit-on des missions étrangères diriger ou s’installer au cœur de l’administration d’un État souverain ?
Dans quel pays voit-on des institutions de défense des droits humains agir contre leur propre nation en fournissant à d’autres États les moyens de sanctionner leurs dirigeants ?
Si nous en sommes arrivés à un point où des citoyens prennent les armes les uns contre les autres, c’est qu’un mécanisme de division a été profondément enraciné dans les fondations mêmes du pays. Rien de tout cela n’est le fruit du hasard.
Aujourd’hui, on nous fait croire que le combat se limite aux petits bandits dans les rues, tandis que ceux qui portent des costumes et occupent les bureaux restent intouchables. Il faut voir le jeu tel qu’il est réellement.
Le mouvement Viv Ansanm a déjà causé d’importants dégâts. La capitale, cœur économique du pays, est à terre. Cela ne profite à personne. On ne détruit pas sa propre maison. Nous sommes tous haïtiens.
Il existe de nombreuses formes de criminalité qui ont conduit le pays à sa situation actuelle. Les premiers criminels sont ceux qui construisent et entretiennent les inégalités sociales. Ils s’approprient les ressources de l’État pour en faire des richesses personnelles, pendant que le peuple souffre.
L’éducation a perdu sa direction. Les enfants des plus démunis sont exclus.
Dans le domaine de la santé, même les soins de base sont à la charge des citoyens.
Une classe privilégiée est fabriquée et utilisée comme intermédiaire au service de grands intérêts. On leur donne des véhicules de l’État, des avantages, on leur fait croire qu’ils ont réussi, qu’ils appartiennent à une élite, alors qu’en réalité rien de fondamental n’a changé.
C’est une illusion.
Car lorsque le pouvoir s’efface, ils retournent à leur condition initiale.
Ce sont ces mêmes véhicules qui soulèvent la poussière sur les populations, sur des routes qui ne sont jamais construites, car le développement n’est pas une priorité. Les ressources sont détournées vers des salaires excessifs et des avantages privés. Le plus tragique est que certains, issus du peuple, en viennent à mépriser leurs propres origines. Ils vendent leur conscience pour préserver de petits privilèges, même au prix de la trahison du pays.
La question est désormais claire : qui travaille réellement pour le peuple ?
La société est entrée dans une phase d’autodestruction. Nous ne construisons plus, nous nous détruisons mutuellement.
Les groupes armés n’ont jamais été un projet pour la nation. Ils ont été des instruments pour conquérir ou conserver le pouvoir. Leur objectif n’a jamais été le développement, mais le contrôle.
Aujourd’hui, Jimmy Chérizier, je vous parle avec clarté.
Vous comprenez le système. Vous voyez la direction qu’il prend. Et vous savez qu’il ne mène nulle part pour le peuple.
Vous avez la possibilité de changer le cours de l’histoire.
Engagez-vous avec les institutions de désarmement. Négociez. Rendez cela public.
Ne laissez pas davantage de jeunes tomber dans ce cycle destructeur.
Car trop de jeunes sont déjà enfermés dans une spirale d’autodestruction qui ne fera qu’augmenter le nombre de victimes innocentes.
Il faut écrire, documenter chaque cas afin de poser les bases d’une correction du système. Cela permettra de faire émerger la vérité et d’établir les responsabilités.
Appelez à une trêve. Rassemblez les acteurs. Parlez au pays. Lancez un appel public.
Car chaque goutte de sang versée aujourd’hui est une perte pour demain.
Nous sommes tous haïtiens. Nos ancêtres ont uni leurs forces pour mener une révolution.
Aujourd’hui, la question ne peut plus être évitée : détruisons-nous ce qu’ils ont bâti au prix de leur sang ?
Est-ce pour cela qu’ils ont combattu, pour cela qu’ils sont morts ?
Ou allons-nous nous lever, assumer nos responsabilités et choisir de préserver ce qui reste ?
Haïti n’est pas à détruire. Elle n’appartient ni aux gangs ni aux élites de salon. Elle appartient à son peuple.
Nous devons tous nous lever pour la sauver.
Le dialogue ne signifie pas l’impunité.
Par : Nyrvah Florens Bruno
Analyste politique | Écrivaine
1) des menaces physiques .....super !! Lire la suite
La somme versée par l'Allemagne à Israël après la Deuxième Guerre Mondiale a été de 3 milliards d Lire la suite
C'est ce que me répétait à longueur de temps mon grand-père qui, lui, avait deux lectures hebdoma Lire la suite
N'importe quoi, ce Yug ! Lire la suite
ALBE:Ce n'est pas parce que les Blancs ont transporté 6 millions d'Africains (et pas 120 ...toujo Lire la suite
...ou, encore pire, Zemmour, Marion Maréchal ou Thaÿs d’Escufon pourraient AU MOINS réfléchir à c Lire la suite
Tu nous casse les couilles avec tes obsessions, Yug ! Lire la suite
1) Cette série d'accords est un élément de la contre -offensive de l'Etat algérien voulant masqu Lire la suite
...l’humanité en "Noirs" (les gentils) et "Blancs" (les méchants). Lire la suite
oui, yug-hitler les blancs ont remboursé les juifs maintenant que répondez vous?
Lire la suite