Sosyete Prèt Sen Jak yo pèsikite sou Francois divalye, 5 nan misyonè sa yo fenk kidnape sou Rejim Jovenel MOISE.

Siperyè Rejyonal la (Fr. Valon PIERRE) ak twa asistan li yo: Jean-Anel JOSEPH, Jean-Maxène TRISTANT (sou bò goch) ak Michel BRIAND - (premye plan, sou bò dwat)

Sosyete Prèt Sen Jak yo pèsikite sou  Francois divalye, 5 nan misyonè sa yo fenk kidnape  sou Rejim Jovenel MOISE.

Nan ane 1960 yo, rejim F. Duvalier te ekspilse anpil misyonè katolik ayisyen kou etranje . Ant 1960 ak 1962, Duvalier mete deyò plizyè douzèn prèt ak twa evèk .Prèt kite sòti nan misyon Saint-Jacques yo pral sib privilejye rejim bout di papa dòc la.Se te yon represyon systematik kont legliz katolik ,pou echape anba men makout yo Prèt kite sòti nan Saint-Jacques tap chache yon nouvo jaden pou kontinye nan apostolat yo,  yo te prefere ale nan Amerik Latin la. Yo kite pa bann e pakèt  Ayiti pou al tonbe Brezil.  30 Novanm 1961, yo fonde Sosyete Prèt Sen Jak nan peyi sa a.

An 2021 ,Sosyete Prèt Sen Jak yo toujou ap sibi pèsikite ,sou chimen pou enstalasyon kanonik Pè Jean Anel bandi ame ki nan gang "400 Marozo"  kidnape  dimanch 11 Avril nan Croix-des-bouquets  Pè   Jean Nicaise, Pè Michel Briand , Pè Joël Thomas , Pè Jean Anel Joseph,Sr Agnès, manman ak yon Tisè pè  Jean Anel.Nan yon voice nòt kap  sikile sou rezo sosyal youn nan manm Sosyete Prèt Sen Jak fè konnen si yo bay yon milyon dola "les marozo" di yap fè yo tounen barbecue,li mande pèp kretyen kenbe Prèt yo ak manm fanmi yo kidnape uni nan lapriye anba eprèv sa a.

Se nan lane 1959 sou enpulsyon Mgr Paul ROBERT, evèk Gonayiv, Sosyete Prèt Sen Jak  fonde nan Potoprens. Sosyete Prèt Sen Jak  chita kò yo an Frans ,Ayiti ak Brezil.Kay rejyonal yo Ayiti se nan 110, rue Lafleur Ducheine Pòtoprens ,AYITI .

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Compère-lapinisme linguistique en l'île aux fleurs fanées

    Albè, sans vouloir aller vers une...

    Frédéric C.

    18/09/2025 - 15:05

    ...indépendance à la mauricienne ou la barbadienne, c’est précisément les "révolutionnaires" dont Lire la suite

  • Compère-lapinisme linguistique en l'île aux fleurs fanées

    SORTIR DE LA TRAPPE

    Albè

    18/09/2025 - 11:52

    Très simple : une indépendance à la barbadienne ou à la mauricienne. Lire la suite

  • Compère-lapinisme linguistique en l'île aux fleurs fanées

    Hélas, Fondas...

    Frédéric C.

    18/09/2025 - 11:07

    ...en effet, ce konpèlapinisme-ci, comme d’autres tout aussi "malsains", est qqch qui imprègne bp Lire la suite

  • Visite officielle du président du Tchad, Mohamed Idris Itno, en Algérie

    Albè, je ne parle pas...

    Frédéric C.

    18/09/2025 - 02:40

    ...de la Mque ni du PPM, mais de l’Algérie à l’époque où Fanon y militait pour sa libération nati Lire la suite

  • Algérie : Mustapha Hidaoui nommé Ministre de la Jeunesse

    DELIRES...

    Albè

    17/09/2025 - 13:17

    Arrêtez vos délires anti-musulmans ! Lire la suite