Jean Kendy Lambert, yon jèn etidyan briyan ayisyen nan inivèsite Leta d Ayiti, mete sou pye yon platfòm revolisyonè an liy ki santre sou ansèyman lang kreyòl ayisyen pou etranje e pou pitit tè a ki pèdi kontak nèt ak lang nan. Nan kòmansman lane 2025 li te bay tèt li objektif pou kontribye pou rezoud pwoblèm mank resous, dokiman ak ansèyman lang reyèl e pratik moun ki bezwen aprann ap fè fas.
Etidyan Dwa ak Lang vivan sa a pa te gen enterè sèlman paske l te nan domèn etid ki gen rapò ak lang, men se yon pasyon li t ap cheri depi tou piti, jouk li rive gran e jwenn opòtinite pou li anseye lang kreyòl ayisyen pou premye fwa nan lane 2025 pou etranje ki pale anglè, epi jwenn plizyè kolaborasyon ak plizyè platfòm etranje tankou : Preply, Italki ak Welearn. Nan eksperyans sa yo, plis pase 3000 mil moun te montre jan yo te gen gwo devouman pou yo aprann lang kreyòl ayisyen an.
Ak motivasyon pou li kontribye nan ede lang kreyòl tounen yon lang etranje tout moun gen aksè pou aprann, li kreye pwòp platfòm pa li «Kreyo Lingo», pou pèmèt anpil Ayisyen ki te pati ki bezwen pale kreyòl, epi etranje tou. Demach li pa santre sou anseye gramè ak vokabilè, men li chita sou yon estrikti solid k ap ede moun aprann e pale lang nan yon fason ki pi pratik, entèraktif e ki reflete reyalite lang nan.

Kreyo Lingo ofri kou ki tou anrejistre, leson prive, leson an gwoup, kontni odyovizyèl ak lòt resous tankou blòg ki baze sou edikasyon, videyo sou youtube ak sou lòt rezo sosyal yo epi yon kominote k ap ede moun pratike lang nan. Li senp pou itilize. Tout moun ki entèrese ap gen pou monte sou platfòm nan, gade tout sèvis yo, chwazi sa ki entèrese l, fè yon kont etidyan, chwazi pwofesè ki pi enpakte l la, peye yon frè.
Kreyatè a gentan evalye pèfòmans platfòm nan, paske plizyè etidyan montre satisfaksyon yo pou jan sèvis yo jwenn nan pèmèt yo aprann lang nan pi rapid, nan yon metòd ki efikas ki fè yo ka kominike byen epi pale lang nan ak konfyans.
Se pa sèlman yon zouti ki vize mete lang kreyòl ayisyen nan kategori lang etranje ki anseye nan yon metòd ki repite mondyalman. Men li gen yon pòte ekonomik paske jèn etidyan ayisyen ki pale plizyè lang kapab jwenn yon revni nan anseye lòt nasyon lang kreyòl la, fasilite gwo antreprenè vini envesti nan peyi a tou, epi li genyen yon pòte sosyal pou ede Ayisyen ak etranje wè lang nan ak yon lòt je, pou aprann konnen e apresye kilti sosyete lang nan reflete a.

Kreyatè platfòm Kreyolingo a pa sèlman bay yon posibilite pou moun aprann lang nan epi konble nan fason pa li vid ki genyen nan ansèyman lang kreyòl ayisyen an, men li bay opòtinite sosyal ak ekonomik. Li montre si chak moun ki gen konpetans ak konesans sou lang rive fè yon travay pou avansman lang nan, yon jou l ap rive nan nivo tout ayisyen vle l la.
Belinda Saintilus
...les téléspectateurs hexagonaux s'abreuvent à C-NEWS matin-midi-soir ! Lire la suite
Une pétition demandant la radiation de CNEWS du paysage audiovisuel est accessible sur le site de Lire la suite
...TAIT ! Lire la suite
...d'Albè", écris-tu. Laisse-moi rire ! Lire la suite
Je cite le commentaire précédent: .....la justice cherche TOUJOURS à leur trouver une excuse liée Lire la suite
...tu peux te les foutre au cul, pauvre négro-lepéniste ! Lire la suite
Contrairement à ce qu’énonce caricaturalement cet article rédigé à la va-vite ,en France, il ex Lire la suite
...la démolition mais la reconstruction à l'aide d'une architecture européenne. Lire la suite
Je me permets d intervenir car ces démolitions sont souvent réalisées soit par les propriétaires Lire la suite
La préservation de notre patrimoine martiniquais, qu’il soit antanlontan ou jòdijou, devrait être Lire la suite