Madi 11 me 2021 ((rezonodwes.com))– Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite d Eta d Ayiti, konstate Leta ayisyen mete yon nouvo paspò an sikilasyon. Paspò sa a pote mansyon « Communauté Caribéenne ». Sa vle di moun ki sèvi ak li yo se sitwayen Karayib la. Ayiti manm « CARICOM » depi 2002.
Yon fwa ankò, avèk nouvèl desizyon sa a, otorite Leta yo kontinye fè peyi a fè gwo bak nan domèn respè dwa lengwistik chak grenn Ayisyen.
Moun ki suiv konpòtman Leta ayisyen nan kesyon ki konsène lang kreyòl la byen kapab wè Leta sa a toujou bliye lang kreyòl la lè li ap pran desizyon ki gen anpil enpòtans. Pa egzanp, tout biyè lajan (10 goud, 50 goud, 100 goud, 250 goud ak 500 goud) bileng, esepte biyè mil (1 000) goud la, dayè, ki gen plis valè. Lè nou konsidere se dènye biyè Leta mete an sikilasyon, nou kapab konprann nou fè bak nan sans sa a. Se kon sa tou, nan nouvo Kat Idantifikasyon Nasyonal la, an jeneral, tay lèt tèks an franse yo pi gwo pase tay sa ki an kreyòl yo.
Lè paspò a pa te gen mansyon « CARICOM » nan, li te bileng (« REPUBLIQUE D’HAITI – PASSEPORT » ak « REPIBLIK D AYITI – PASPÒ »). Ki sa ki ta ka fè li pa bileng kounye a? Èske otorite Leta yo panse fòk nou retire kreyòl la nan paspò a pou n ka patisipe nan « Communauté Caribéenne »?
Fakilte Lengwistik Aplike mande otorite Leta yo pran dispozisyon pou korije gwo erè sa a. Yo dwe rantre livrè ki deja enprime yo pou mete enfòmasyon yo an kreyòl tou. Fòk politik konsidere kreyòl la tankou rad drive a sispann! Kreyòl la p ap dòmi deyò fwa sa a !
Pou dekana Fakilte Lengwistik Aplike
Renauld GOVAIN
...VOUS NE M ’APPRENEZ STRICTEMENT RIEN ! ! Lire la suite
Le 2è degré est décidément une notion complètement inconnue de ceux qui commentent les articles d Lire la suite
...et qu’elle prenait des risques. Ce n’est pas une ignare, au contraire ! Lire la suite
...bien évidemment les trafiquants de chlordécone ! Lire la suite
...comme tout délinquant (voleur, agresseur, tueur, violeur, etc.) doit être jugé et condamné, sa Lire la suite