Dr Weibert Arthus anbasadè defakto nan ottawa demaske

Lendi 29 mas ,nan okazasyon 34èm anivèsè konstitisyon peyi a, yon gwoup ayisyen ak kèk zanmi kanadyen yo anvayi pasifikman anbasad ayiti nan ottawa.Se  yon mouvman Ayisyen kap soutni ayisyen nèt a kole AKASAN  ki te  inisye operasyon kout pwen sa a.Objekti li  se pou denonse reprezantan rejim ilegal Jovenel Moïse yo kap fè kadejak sou konstisyon 87 la epi tou fè sonje enfòmasyon ki gen rapò ak chèf misyon diplomatik, anbasadè oswa konsil jeneral  ki okipe  ilegalman 24 anbasad   pandan manda prezidan manda fini Jovenel Moïse la.

Apre mo byenvini Dr Weibert Arthus  anbasadè  Sena ayisyen an pa t ratifye  ,Jean Elissaint Saint Vil  pòtvwa AKASAN apre li te finn mesaj la poze kesyon sa yo : ki dat li te pase devan sena a pou ratifikasyon l ? Eske sena te ratifye ou menn Weibert Arthus ak Fritz Dorvillier daprè atik 141 konstisyon peyi dayiti? Mwen pap pran provokasyon, deba fini ,mèsi bokou repons anbasadè dekato Weibert Arthus  te bay konpatriyòt li yo e tou pete kouri .

Anbasadè defakto Weibert Arthus  kite pèdi kalm li ,menase nan yon dezyèm  tan pou mete tout konpatriyòt ayisyen li yo deyò andann anbasad la.Avèk anpil san fwa san vyolans , nan lòd ak disiplin pwotestatè yo deside revoke  senbolikman 2 diplomat defakto yo.AKASAN kalifye yo dasoman, vòlè tit e ki pa reprezante  ayisyen pèp vanyan an, men de preferans se rejim ilegal Jovenel Moïse ak Jimmy Chérizier (Barbekyou) yo reprezante.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Connexion utilisateur

Commentaires récents

  • Visite officielle du président du Tchad, Mohamed Idris Itno, en Algérie

    SALAUDS D'ARABES !

    Albè

    16/09/2025 - 07:58

    Qui pendant 3 siècles ont déporté nos ancêtres depuis l'Afrique jusqu'aux Amériques où ils ont é Lire la suite

  • Visite officielle du président du Tchad, Mohamed Idris Itno, en Algérie

    Déferlante négrophobe : l'Algérie riposte !

    poi

    16/09/2025 - 07:19

    Je pense que les lecteurs habituels de Fondas qui sont des gens avisés, ont parfaitement compris Lire la suite

  • Algérie : Mustapha Hidaoui nommé Ministre de la Jeunesse

    SADATE/OBAMA

    Albè

    16/09/2025 - 04:10

    Cet article fait songer à une moquerie égyptienne très en vogue lorsqu'Obama fut élu président de Lire la suite

  • Charlie Kirk craignait d’être assassiné par Israël : « Israël me tuera si je me retourne contre eux. »

    Zafè tchou'y....tant pis pour lui ....

    poi

    15/09/2025 - 14:04

    S'il s'était montré un peu plus critique dès le début envers Israel cet Etat génocidaire, voi Lire la suite

  • Le 17 avril 2008, Aimé Césaire

    Cet article sonne assez juste...

    Frédéric C.

    13/09/2025 - 10:09

    La popularité de Césaire en Mque et notamment à Fort-de-France tient beaucoup aux éléments évoqué Lire la suite